Chwa nou yo vrèman enpòtan!
Te gen yon ekip
kap jwe yon match ki vrèman enpòtan. Se te yon match sere sere e okazyon yo pat
fasil ditou. Jiskaske youn nan jwè yo demare yon bèl kontatak, men gen yon kote Li
rive Li remake youn nan koyekipye l yo
ki de lwen pi byen pozisyone pase l poul fè goal la. Kisa lap fè? Li gen 2 chwa: swa li fini aksyon an
li te komanse e ipoteke chans ekip la, swa Li bay pas la e pèmet ekip li a make.
Finalman, li bay koyekipye l la yon bon pas, e li make. Kisa koyekipye a li menm fè annapre? Li menm tou antanke bitè li te gen 2 chwa : li te ka Bat lestomak li, chante kantamwa jeswi oswa bay pasè a love la.
E se egzakteman sal te fè touswit apre goal la, koyekipye a te kouri sou jwè a annapre pou l bal love la. Konsa yo te rive fè yon bèl prestasyon e anmenmtan genyen match la.
Nap admèt
avè m nan toulède ka yo chwa yo pat fasil e desizyon yo pa tap rete san
konsekans!
Eske sa rive w
deja pou w wè lavi w tankou match saa? Eske w rann ou kont nan travay ou, nan biznis ou oswa nan fanmi ou wap toujou bezwen
gen "espri dekip" siw vle reyisi? Siw te nan plas jwè a sa w tap fè ? Eske w tap
chèche pa tout mwayen atire atansyon an sou ou sèlman, ou dimwens èske w tap gen ase
lisidite pou fè aksyon ki tap bay ekip ou a plis chans poul genyen an?
Annou plis
pratik, èske sa deja rive pouw sipòte yon zanmi w, yon pwòch ou poul ka rive pi
lwen nan wout lavi a ? Eske nan travay oswa bisnis ou se tèt ou wè sèlman ?
Menm jan ak bitè a èske apre w finn jwenn backup
la wap tounen pouw bay love la, paske w konnen reyisit ekip la se reyisit nou
chak la? Oswa èske wap pran tout glwa yo pou ou ? M panse repons lan nan men nou chak.
M swete nou pa janm bliye sa, nan lavi a nap toujou gen plizyè chwa ki prezante devan nou men se pou nou toujou sonje desizyon nou yo pap janm san konsekans!
M swete nou pa janm bliye sa, nan lavi a nap toujou gen plizyè chwa ki prezante devan nou men se pou nou toujou sonje desizyon nou yo pap janm san konsekans!
Commentaires
Enregistrer un commentaire