Idantifikasyon Medikal (lD),ki vrè enpòtans li!

Idantifikasyon Medikal (Medical ID)

Jodya m te vle pale de yon opsyon ki trèzenpotan ki sou anpil telefon entèlijan oswa tablèt elektwonik yo. Yo rele li "Idantifikasyon Medikal". Kisa li ye ojis e nan ki sikonstans li kapab itil nou?

Idantifikasyon Medikal la se yon baz done ki anrejistre kek done enpotan pou ede yon moun nan sityasyon dijans. Tankou laa yon moun fe yon aksidan lap pi fasil gras ak telefon li pou yo konnen kek enfo ki ka itil li menm le telefon ta lock.

Pou yon itilizatè iphone, kreye yon Idantifikasyon Medikal tre fasil.

Premye Demach la se ale nan "settings", epi cheche "Emergency Sos" epi "Edit Emergency contacts".




Dezyem demach la se rantre "Health" epi klike sou "medical ID".
Epi mete enfomasyon enpotan nou yo tankou Gwoup Sang nou, si nou gen alèji epi kondisyon sante nou epi yon moun pou yo ka kontakte nan ka dijans.







Pou yon itilizatè Android, metod la se telechaje yon lojisyèl ki pote non "Medical ID" nan makèt la.












Kòm nou konnen malè pa gen klaksòn, donk m panse li ka toujou itil nou pou nou ranpli l pi vit ke posib. Pou tout kesyon e eksplikasyon, pa ezite ekrim.


Men yon link si toutfwa nou ta vle telechaje l sou yon Android:
https://play.google.com/store/apps/details?id=app.medicalid.free&hl=fr











Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Comment mieux sécuriser son compte Facebook ?

Chwa nou yo vrèman enpòtan!