Articles

Affichage des articles du novembre, 2017

Chwa nou yo vrèman enpòtan!

Image
Te gen yon ekip kap jwe yon match ki vrèman enpòtan. Se te yon match sere sere e okazyon yo pat fasil ditou. Jiskaske youn nan jwè yo demare yon bèl kontatak, men gen yon kote Li rive Li remake youn nan  koyekipye l yo ki de lwen pi byen pozisyone pase l poul fè goal la. Kisa lap fè? Li gen 2 chwa: swa li fini aksyon an li te komanse e ipoteke chans ekip la, swa Li bay pas la e pèmet ekip li  a make.           Finalman, li bay koyekipye l la yon bon pas, e li make. Kisa koyekipye a li menm fè annapre? Li menm tou antanke bit è  li te gen 2 chwa : li te ka Bat lestomak li, chante kantamwa jeswi oswa bay pas è  a love la.          E se egzakteman sal te f è  touswit apre goal la, koyekipye a te kouri sou jwè a annapre pou l bal love la. Konsa yo te rive f è  yon b è l prestasyon e anmenmtan genyen match la.          Nap admè t avè m nan toulède ka yo chwa yo pat fasil...